Accessibility links

Breaking News

Biden Pase Lòd pou yo Remèt bay Kongrè a, Lis Vizite Lamezonblanch Anba Trump


Foto Achiv: Prezidan Donald Trump kenbe yon seri papye pandan lap pale nan sal lapres James Brady a nan Lamezonblanch, 20 Avril 2020.

Prezidan Joe Biden pase lòd pou yo remèt lis non moun ki te vizite Lamezonblanch pandan Prezidan Donald Trump te sou pouvwa a, bay komite Lachanm kap mennen anket sou atak 6 Janvye 2021 an.

Desizyon sa a, ke Biden pran, rejte agiman Trump te prezante pou di kòm kwa lis sa yo fe pati privilèj egzekitif chèf deta a jwi.

Komite La Chanm de Reprezantan an ap chache yon pakèt done bò kote Achiv Nasyonal - pami yo dokiman Trump te chache kenbe prive.

Kounyea, Kongrè a pral gen aksè ak dokiman ki gen lis moun ki te gen pemisyon antre nan Lamezonblanch jou atak la.

Yon pòt pawòl Trump pat reponn demann Associated Press fè pou komantè l sou desizyon sa a.

XS
SM
MD
LG