Dokiman sa yo soti nan Achiv Nasyonal la, ki responsab kenbe tout dokiman travay yon prezidan apre li fin kite Mezon Blanch lan.
"Pami dokiman prezidansyèl yo te resevwa nan Achiv Nasyonal yo te gen dokiman papye ki te chire pa ansyen Prezidan Trump," enstitisyon an konfime nan yon deklarasyon yo te bay AFP.
Yon ofisyèl nan mezon blanch, di Gen kèk nan fèy papye yo te "rekole" e "Gen lòt yo kite jan yo ye a."
Dapre Washington Post, dokiman sa yo fè pati plis pase 700 paj Achiv Nasyonal yo te transmèt bay komite palmantè a ki ap chèche fè limyè sou responsablite Donald Trump nan atak patizan li yo sou Kongrè a nan dat 6 janvye 2021.