Accessibility links

Breaking News

Prezidan Biden Va Pwononse Premye Diskou'l Sou Eta Peyi a Premye Mas


Prezidan Joe Biden mache ak Lide Sena a, Senate Demokrat Chuck Schumer, epi Prezidan La Chanm de Reprezantan an, Nancy Pelosi nan Washington, 6 Janv. 2022.
Prezidan Joe Biden mache ak Lide Sena a, Senate Demokrat Chuck Schumer, epi Prezidan La Chanm de Reprezantan an, Nancy Pelosi nan Washington, 6 Janv. 2022.

Prezidan Joe Biden pral pwononse premye diskou li sou eta peyi a, sa yo rele State of the Union, premye Mas, Lamezonblanch konfime Vandredi.

Lidè La Chanm dè Reprezantan, Nancy Pelosi, voye yon envitasyon ofisyèl bay Prezidan Biden pou'l pwononse yon diskou devan Kongrè a ak pèp Ameriken an pou make premye anivèsè manda li.

Dat sa a se jou pi ta nan ane a ke yon prezidan janm pwononse diskou sou eta peyi a (yon tradisyon anyèl depi tan lontan). D'abitid diskou a konn fèt nan mwad Janvye e gen ane kote li konn fèt an Fevriye.

Reta a gen pou wè an pati ak kalandriye lejislatif la ki chaje epi yon ogmantasyon nan ka enfeksyon COVID-19 yo pandan sezon ivè a. Otorite lasante yo blame varyan omicron an ke moun ka trape fasil epitou Jezolenpik d'Ivè yo kap pwoche nan komansman mwad Fevriye a se yon lot rezon pou reta a.

Dènye diskou sou eta peyi a sete Prezidan Donald Trump ki te pwononse'l lavèy jou kote Sena a te jwenn ni pa koupab nan pwosè yo te mennen kont li pou wetire'l sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG