Accessibility links

Breaking News

Pa Gen Pwogrè kap Fèt si La Risi Kenbe yon Pistolè Pwente sou Letanp Ikrèn


AP infographic Jo Biden and Vladimir Putin
AP infographic Jo Biden and Vladimir Putin

Pwogrè diplomatik ak La Risi ap "difisil" si Moskou kenbe yon revòlvè bò letanp ikrèn e si li pa pran angajman pou kalme tansyon an, se sa Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken deklare ayè mèkredi 5 Janvye a.

Li di, "Vrè kesyon an, se konnen si LaRIsi ap pale serye sou kesyon diplomasi," Blinken pale konsa nan yon konferans pou laprès ak tokay li ann Almay Annalena Baerbock nan Washington anvan chita-koze ant loksidan ak Moskou ki gen pou dewoule nan semèn k ap vini an.

Li ajoute, "Li difisil pou pwogrè fèt nan tout domèn pandan se pawòl vyolans ak menas k ap pale pandan gen yon revolvè bò letanp Ikrèn."

Lidè yo nan Inyon Ewòp la, Ameriken ak Kyev akize Ris yo depi plizyè semèn kòmkwa y ap rasanble plizyè dizèn milye solda sou fwontyè li ak Ikrèn pou yon posib envazyon. Yo menase plizyè fwa pou yo mete gwo sanksyon, sa moun pa te janm wè anvan, si Kremlen aji konsa.

LaRisi bò kote pa l reklame yon akò ki anpeche l-OTAN rive devan pa pòt li. Chita-koze ant Etazini ak LaRisi gen pou tanmen lendi nan Jenèv an Swis, e apre sa ap gen yon reyinyon LaRisi ak l-OTAN ak yon lòt nan Òganizasyon pou Sekirite ak Koperasyon ann Ewòp.

XS
SM
MD
LG