Accessibility links

Breaking News

Garland Sèmante Pou'l Mennen Devan La Jistis Tout Moun ki Responsab Pou Atak 6 Janvye a


Minis Jistis Etazini Merrick Garland pale nan Depatman Jistis la nan Washington, Mekredi 5 Janvye 2022.
Minis Jistis Etazini Merrick Garland pale nan Depatman Jistis la nan Washington, Mekredi 5 Janvye 2022.

Minis Jistis Etazini an, Merrick Garland sèmante pou'l trennen devan lajistis tout moun ki responsab deblozay ki te pete nan Kongrè Ameriken an nan Washington.

Nan yon diskou li pwonose devan anplwaye Depatman Jistis la Mèkredi 5 Janvye, Garland di avoka gouvènman an pran "angajman pou pouswiv resnponsab tout koupab ki te patisipe nan atak 6 Janvye a, nan tout nivo, dapre lwa peyi a."

Komantè sa a fèt prèske yon ane jou pou jou apre atak sou Capitol la.

Depatman jistis la ap fè fas ak anpil presyon bò kote kèk Demokrat pou'l konsantre plis sou aksyon ki te enspire plizyè milye patizan Trump yo pran syèj Kongrè a d'aso.

XS
SM
MD
LG