Accessibility links

Breaking News

Eske Etazini ap Byen Mache?


Capitol Breach Records
Capitol Breach Records

Prezidan Joe Biden ap poze menm kesyon k ap trakase lidè mondyal yo, kesyon ke li pa te janm panse li ta tande.

Yo mande, "Eske Etazini ap byen mache?" oubyen "E demokrasi Etazini an?"

Pandan Biden te chache bay alye Etazini yo asirans, kèk fwa li ensiste sou menas grav ki devan demokrasi a lakay li depi revòlt 6 Janvye a nan Kapitol Etazini an ak manti ke pèdan nan eleksyon an, Donald Trump, ap repete, kòmkwa yo te vòlè eleksyon 2020 an nan men l. E Biden pa pale de vrè pwoblèm kote yon pakèt moun ki te anfavè revòlt la ki pran plas nan biwo eleksyon lokal yo, ak chanjman Repibliken yo fè nan lwa eleksyon yo nan plizyè eta.

Kounye a, pandan anivèsè jou mòtèl sa a ap pwoche, prezidan Demokrat la gen moun k ap ekzòte l chwazi sa ki priyorite pou li e sèvi ak pouvwa li pou l pouse pwojè-lwa sou dwa pou moun vote, sa ki, dapre moun ki dakò ak pwojè sa a, se sèl bon jan mwayen pou kontre menas k ap antre byen vit nan pwosesis demokratik la.

XS
SM
MD
LG