Accessibility links

Breaking News

Atak 6 Janvye: Demokrat ak Republiken Gen Opinyon Diferan sou Dosye sa a


YE Top Photos 2021
YE Top Photos 2021

Se te yon sèn batay fewòs ke youn nan polisye Capitol la dekri kom yon bagay Mwayen Aj.

Gen youn ki kalifye-l kòm yon vwayaj nan lanfè.

Plis pase 100 polisye te blese kek lòt ke yo te resevwa kou ak pwòp zam yo.

Sa gen preske yon lane apre eta d’siej 6 janvye a , yon minorite republiken sonje severite atak patizan ansyen prezidan Donald Trump yo te fe sou Capitol la.

Selman apepre 4 sou 10 te dekri atak sa a kòm yon atak ki te ekstrememan vyolan daprè yon nouvo sondaj Sant rechech pou afè public Associated Press-Norc la.

Apepre 3 sou 10 Republiken di atak sa a pat violan e apepre 3 sou 10 di li te lejèman violan.

Donk sondaj la jwenn ke sanble menm jan Republiken yo panse ke bagay yo te yon ti jan egzajere dapre editè sondaj Associated Press la Emily Swanson.

Antou, apepre 2 tyè ameriken dekri jounen sa a kòm yon jounen ki te ekstrememan violan pami yo 9 sou 10 Demokrat.

Rezillta sa a reflete polarizasyon politik peyi a avek yon fò potre etad siej la malgre imaj televizyon yo montre kijan yo te sakaje bilding nan an detay yon bagay kite fè mal anpil.

Trump ak kèk nan alye li yo nan Kongrè a ak media konsevatè te minimize sak pase a . Yo te karakterize atak la kom yon ti twoub sivil.

Se yon pwen d ‘ vu ke anpil Republiken te pataje genyen menm ki ale pi lwen jiska defann brigan yo yo menm.

Pandanstan pousantaj ameriken ki lage responsablite sou Trump pou atak 6 janvye a ogmante yon ti kras nan ane ki pase a avek 57% ki di li pote responsablite pou sa ki pase a.

Revòlt sa a se te denye zak nan efò dezespere ke Trump tap fe pou-l vire rezilta eleksyon yo ke li te pèdi devan Joe Biden.

Apepre 7 sou 10 ameriken di tou yon komisyon chwazi chanm nan dwe kontinye mennen envestigasyon sou atak la tandiske 3 sou 10 di yo pa dwe kontinye anket la.

XS
SM
MD
LG