Komite La Chanm dè Reprezantan kap mennen ankèt sou atak 6 Janvye 2021 an sou Capitol la vle konnen kisa Ivnka Trump (pitit fi ansyen prezidan an) te tande epi wè jou sa a.
Manm komite a di yap eseye rapyese istwa atak la ak wol Donald Trump te jwe nan chofe tèt moun pou yo lanse atak sa a.
Pitit fi prezidan an se youn pami yon ti gwoup moun papa li te konn koute. Komite a di pwoksimite li ak papa'l 6 Janvye 2021, takapab pèmèt yo gen detay presi sou kisa prezidan an tap fè pandan 3 zè krusyal kote patizan li yo tap take Capitol la ak fos.
Yon pot pawol Ivanka Trump poko reponn demann Associated Press fè pou komantè sou nouvèl sa a.