Accessibility links

Breaking News

Trump te Pati ak Plizyè Lèt Kim Jong Un te Ekri lè li tap Kite Mezon Blanch


VIETNAM-US-NKOREA-DIPLOMACY-SUMMIT
VIETNAM-US-NKOREA-DIPLOMACY-SUMMIT

Lè Donald Trump tap kite Mezon Blanch lan, li te pran avè l plizyè lèt lidè Kore di Nò a te voye. Pami lèt sa yo gen kek ke Kim Jong Un te voye bay Barack Obama - Achiv Nasyonal te oblije ale an Florid pou al rekipere yo.

Nan fen manda nenpòt prezidan Ameriken, prezidan sa a dwe voye tout "email", lèt ak lòt dokiman travay li bay Achiv Nasyonal, ki responsab pou kenbe yo pou l istwa.

Achiv Nasyonal te anonse Lendi, ke lè Donald Trump te kite Washington, li te deside pran plizyè bwat avè l, e ale avek yo nan rezidans li nan Mar-a-Lago, nan eta Florid.

Dapre Washington Post, nan bwat yo gen kado lidè etranje yo te bay lè yo te rann li vizit nan Mezon Blanch la, yon lèt ke Barack Obama te kite pou li, avek tou plizyè lèt Kim Jong Un te ekri l.

Donald Trump, se premye prezidan ameriken aktif ki ki te rankontre yon manm dinasti Kim lan.

Nan mwa septanm 2018 devan yon foul sipotè Trump de deklare "Li te ekri m bèl lèt, yo se bèl lèt".

Men, nan mitan mwa janvye, Achiv Nasyonal yo "te fè rapatriman 15 bwat ki gen dokiman prezidansyèl" ki soti nan pwopriyete prive Donald Trump nan Florid.

"Dokiman sa yo ta dwe voye nan Achiv yo pa Mezon Blanch lan nan fen administrasyon Trump la, nan mwa janvye 2021," yo fè remake.

XS
SM
MD
LG