Accessibility links

Breaking News

Achiv Nasyonal Ameriken Mande Pou Ouvri yon Ankèt sou Donald Trump


Donald Trump holds a rally in Conroe, Texas
Donald Trump holds a rally in Conroe, Texas

Washington Post rapote Mèkredi , ke Achiv Nasyonal Etazini, ki responsab pou kenbe tout dokiman ofisyèl ansyen prezidan Ameriken yo, te mande lajitis pou yo louvri yon ankèt sou jesyon dokiman sa yo lè Donald Trump te prezidan.

Semèn sa yo jan Trump te jere dokiman sa yo apre li te kite Lamezon Blanch te fè anpil pale anpil , plizyè dokiman ofisyèl ki te sipoze ale nan Achiv Nasyonal te trouve yo nan eta Florid nan rezidans prive ansyen prezidan an.

Lendi enstitisyon an di ke yo te oblije al rekipere dokiman sa a nan Florid. Trump te pran on total 15 bwat ki gen dokiman ofisyèl avek li lè li tap kite Washington nan mwa Janvye 202. Pami dokiman ki nan bwat te genyen yon lèt Barack Obama te kite pou Donald Trump ak lèt lidè Kore di Nò Kim Jong Un te ekri l.

Dapre yon lwa ki te etabli nan 1978, tout prezidan Ameriken dwe transmèt tout imèl, lèt ak lòt dokiman travay yo bay Achiv Nasyonal lè yo ap kite Lamezon Blanch.

Semèn pase a, responsab Achiv Nasyonal te di ke ansyen prezidan Trump te gen abitid chire kèk nan dokiman ofisyèl li te konn travay, pratik sa kontrè ak lwa sa ki te etabli nan ane 1978 la.

AFP te mande, Achiv Nasyonal, ak Ministè Jistis pou konfime dosye a pou yo, tou 2 antite yo, pa vle konfime si yap an pou louvri yon ankèt sou Donald Trump.

XS
SM
MD
LG