Accessibility links

Breaking News

Peter Thiel Kite Meta (Facebook)Pou al Sipòte Kanpay Kandida Repibliken Pro-Trump


APTOPIX Trump
APTOPIX Trump

Envestisè Peter Thiel, ko-fondatè PayPal, pi gwo aksyonè nan Palantir e tou ki se gwo sipòtè ansyen prezidan Donald Trump, pral kite konsèy administrasyon Meta a, malgre li te youn nan premye moun ki te patisipe nan finansman Facebook.

Meta anonse lendi ke Peter Thiel, ki te kite konsèy administrasyon depi 2005, deside kite kite konsèy administrasyon an.

Dapre medya ameriken yo, envestisè a vle konsantre sou sipò li nan kanpay kandida Repibliken Pro-Trump yo nan eleksyon mitan manda ki pral fèt Novanm pwochen Ozetazini.

Mark Zuckerberg, fondatè Meta, di li "pwofondman rekonesan pou tout sa li te fè pou konpayi a .

Bilyonè Peter Thiel te bati richès li atravè konpayi pèman sou entènèt la PayPal, ki te fonde an 1998. Li te envesti nan Airbnb, Affirm, Stripe ak SpaceX.

Nan ane 2016, li te sipòte Donald Trump, Li ba li 1.25 milyon dola.

XS
SM
MD
LG