Accessibility links

Breaking News

Yon Liv Sou Trump ak Kim Jung Un Simen Latwoublay


Foto Achiv: Prezidan Donald Trump bay lanmen ak lid Kore di No a Kim Jong Un, 30 Jyen 2019.
Foto Achiv: Prezidan Donald Trump bay lanmen ak lid Kore di No a Kim Jong Un, 30 Jyen 2019.

Eske Donald Trump te jete dokiman ofisyèl nan twalèt?

Pandan deba ap fèt Ozetazini sou jan ansyen Prezidan an te jere achiv Mezon Blanch, yon nouvo liv revelasyon, ke sit entènèt li ki rele Axios la devwale jedi, bay kèk ekstrè nan dokiman sa yo, men ki ap parèt nan sezon otòn nan, liv sa a simen latwoublay.

Nan yon liv ki rele "Confidence Man", Yon Nèg li bay Sekrè li, ki ap parèt 4 Oktòb 2022, jounalis vedèt jounal New York Times Maggie Haberman ekri ke repibliken rich la bay pwòch li yo asisans ke li te rete an kontak ak dikatè Kore di Nò Kim Jung Un apre li te fin kite Mezon Blanch.

Jounalis la rapòte ke sou prezidans Trump la, kèk anplwaye Mezon Blanch te jwenn plizyè fwa ke twalèt nan apatman ansyen prezidan an bouche ak moso papye enprime.

Donald Trump bay asirans nan yon kominike ke enfòmasyon sa a se "envansyon yon jounalis fanm ki ap chache piblisite pou tèt li."

Revelasyon sa a deyò pandan Achiv Nasyonal Etazini, ki anchaje pou konsève dokiman prezidan ameriken yo, mande lajistis pou ouvri yon ankèt sou Donald Trump, se sa jounal Washington Post deklare mèkredi.

Jan milyadè repibliken an te jere achiv prezidansyèl yo, sa fè moun ap poze kesyon nan semèn ki pase yo: enstitisyon an di lendi ke li te oblije al pran nan Florid 15 katon dokiman ke Donald Trump te pote ak li apre li te fin kite Washington an Janvye 2021.

E poutan, dapre yon lwa ki te pase an 1978, tout prezidan ameriken dwe remèt tout imèl li, (kidonk tout mesaj eletwonik li), lèt ak lòt dokiman travay li nan Achiv Nasyonal.

Semèn pase a, enstitisyon an te revele tou ke ansyen dirijan an te konn chire kèk dokiman travay li, yon pratik ki kont lwa peyi a.

Yon lòt revelasyon ki parèt nan liv Maggie Haberman nan konsène relasyon ant Donald Trump ak Kim Jong Un, ki ta kontinye apre prezidan repibliken an te fin pèdi eleksyon

prezidansyèl Novanm 2020 an, dapre sa repibliken an konfye moun ki pwòch li.

Ansyen prezidan an kalifye de "lèt damou" mesaj diktatè Kore di Nò a ki te kenbe ak li yon relasyon diplomatik ki pa te janm sispann, ki te gen ladann yon rankont istorik an 2019 nan zòn kote zam pa gen dwa antre a, ki separe 2 Kore yo.

Depi Donald Trump kite pouvwa a, gen plizyè liv revelasyon ki soti sou li, ak siyati jounalis oubyen ansyen pwòch li.

XS
SM
MD
LG