Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Echwe nan Tantativ li t ap fè pou Lanse yon Fize nan Lespas


Kore di Nò rekonèt ke li echwe nan tantativ li t ap fè pou lanse yon fize ki ta pral transpòte yon satelit obsèvasyon terès nan lespas.

Yon prezantatè televizyon Kore di Nò te entèwonp pwogramasyon an 4 trèd tan apre lansman medya leta a.

Anons la di satelit obsèvasyon terès la Kwang-myong-song 3 pa reyisi atenn òbit la e spesyalis yo ap chèche konprann koz echèk la. Responsab yo nan Seoul, Tokyo ak Washington fè konnen vrèman vre fize Kore di Nò a eksploze pandan lansman an.

Lamezon Blanch fè soti yon deklarasyon pou kritike lansman sa a ki echwe a. Pòtpawòl Mezon Blanch la Jay Carney a deklare, aksyon te reprezante yon menas pou sekirite rejyon an e montre Kore di Nò prefere gaspiye lajan nan zam ak pwopagann olye pou rezoud pwoblèm grangou popilasyon nò koreyèn nan.

Kore di Sid kondane tou lansman an ke l konsidere kòm yon vyolasyon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini an ki entèdi Kore di Nò fè tès misil balistik.

Kim Sung-Hwan se minis afè etranjè Kore di Sid, li di: "gouvènman nou an kondane ak tout fòs li lansman Kore di Nò a ak lefèt ke li inyore tout apèl kominote entènasyonal la te lanse pou mande l abandoen plan an. Kore di Nò ap pran tout responsabilite pou sa. "

Konsèy Nasyon Zini ajoute sou pwogram sesyon vandredi a dosye Kore di Nò a.

Pandansetan gen anpil rimè ka p sikule kòmkwa Kore di Nò pral fè trè byento yon 3e tès nukleyè.
XS
SM
MD
LG