Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò: Tout Bagay Pre Pou Lansman Fize Unha-3 a


Otorite Kore di Nò yo di yo komanse ap mete kabiran nan fize Unha 3 a pou yon lansman spasyal malgre kondanasyon kominote entènasyonal la ak apèl Washington pou l renonse a pwojè sa a.

Paek Chang Ho,direktè sant kontwòl satelit Kore di nò a te anonse aksyon sa a devan yon gwoup jounalis entènasyonal ki t ap vizite sant la ; li fè konnen yo t ap mete gaz nan fize a pandan li t ap pale a. Jounalis yo ki ta l vizite ramp lansman an dimanch te kapab wè aktivite yo sou videyo.

"Nou pa vrèman enterese nan opinyon kap soti deyò. Sa enpòtan pou devlope ekonomi nasyonal nou. Se poutèt sa nou pral fè lansman an."

Mesye Peak di tou yo pral enstale yon satelit obsèvasyon tèrès sou fize a ki gen pou l lanse ant demen jedi 12 avril 2012 la a lendi k ap vini an, sa pral depann de kondisyon tan an.

Pwojè lansman sa a fè anpil vwazen Kore di Nò fache –yo wè aksyon sa a kòm yon konplo pou teste yon misil balistik ki kapab nan pita sèvi pou lanse ojiv nikleyè –kidonk ki se yon menas pou lapè nan rejyon Ekstrèm Oryan an.
XS
SM
MD
LG