Nan Kore di Nò, gouvènman an anonse madi 10 avril 2011 la li fin fè tout preparasyon ki nesesè pou l lanse yon fize –yon pwojè ki tonbe anba kondanasyon anpil peyi nan kominote entènasyonal la. Vis-direktè pwogram nikleyè nò-koreyen-an, Ryu Gum Choi, pale ak laprès madi nan Pyongyang pou l di fize a pare pou lansman nenpot ki lè, e sa kapab fèt menm jedi 12 avril la.
Dimanch 8 avril la, otorite Kore di Nò te envite jounalis entènasyonal al vizite fize a pandan li te sou ranp lansman an ; pami jounalis sa yo te genyen yon repòtè Lavwadlamerik. Byen bonè madi, Lèzetazini ak Kore di Sid repete angajman yo pran pou yo defann pèp sid-koreyen an pandan Kore di Nò ap prepare pou lansman an ki, daprè Washington ak Seoul, reprezante yon vrè pwovokasyon. Daprè Lèzetazini, se preparasyon pou Kore di Nò lanse yon misil balistik; kidonk, se yon menas pou peyi vwazen n yo.
Lendi pòtpawòl Depatman Deta a, Victoria Nuland, te pale pou l di lansman fize sa a pral sèvi tou senpleman pou izole gouvènman kominis Kore di Nò plis toujou. Madam Nuland deklare:
“Si Kore di Nò lanse yon misil, se tap yon gwo kokenn pwovokasyon. Se t ap yon menas pou sekirite rejyonal la; an menm tan tou, se tap yon vyolasyon angajman Kore di Nò te pran sa pa gen lontan pou l pa lanse okenn misil long pòte. Epi nou konsidere sa kòm yon vyolasyon Rezolisyon 17-18 Konsèy Sekirite a. Kidonk, n ap kontinye di se pa yon bon ide ditou pou Kore di Nò fè lansman sa a.”
Otorite yon nan Pyongyang, kapital Kore di Nò, fè konnen objektif lansman fize sa a pou yo plase nan òbit terès la yon satelit meteowolojik ki pou bay enfòmasyon sou tan an.
Sepandan pou Washington ak Seoul, lansman an se yon mwayen pou nò-koreyen yo teste yon misil balistik ki ta kapab sèvi pou lanse ojiv nikleyè –kidonk, se yon menas pou lapè nan rejyon Esktrèm Oryan an.