Nan Kore di Nò, otorite responsab pwogram nikleyè peyi a franchi yon etap istorik dimanch 8 avril 2012 la, lè yo bay jounalis etranjè pèmisyon pou yo asiste lansman yon fize ki, malgre objeksyon Lèzetazini ak Kore di Sid, pare pou ale nan lespas semèn sa a menm.
Pyonyang ensiste pou l di fize a – ki genyen pou kite ranp lansman an ant dat 12 ak 16 avril- pral transpòte yon satelit meteowolojik sèlman. Jang Myong Jin, administratè jeneral yon sant lansman ki sou kòt Wès Kore di Nò, fè konnen:
“Nan negosyasyon ki dewoule sa pa gen lontan ant Lèzetazini ak Repiblik Popilè Kore a, reprezantan pa nou yo te pale klè pou di nou pral obsève yon moratwa sou misil long pòte, e non pa yon moratwa sou lansman satelit.”
Daprè otorite yo Ozetazini e nan Kore di Sid, lansman fize sa a se yon tès pou lansman yon misil balistik. Pou gouvènman sid-koreyen an menm, lansman ki pral fèt nan mitan mwa sa a se tou senpleman yon pwovokasyon. Kim Min-Seok, pòtpawòl ministè defans Kore di Sid la, deklare:
“Nou vle pale klè pou n di lansman sa a se yon pwovokasyon ki menase lapè ak stabilite sou Preskik Kore a ak lòt kote nan pati nò-dès kontinan azyatik la. Lame Kore di Sid la pare totalman pou l defann pèp sid-koreyen an epi reponn kòmsadwa, reponn avèk fòs, devan tout aksyon pwovokasyon Kore di Nò ki menase lapè sou preskil la."
Bò kote pa l, minis afè etranjè Lachinn nan, Yang Jiechi, rekonèt ke Peken, li menm tou, genyen pwoblèm avèk plan lansman fize Kore di Nò a.