Accessibility links

Breaking News

Ban Ki-moon Egzòte Kore Dinò Anile Lansman Fize a


Sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, egzòte Kore Di Nò koute apèl kominote entènasyonal la e anile fize li konte lanse nan jou k ap vini yo.

Misye Ban lanse apèl sa a nan vil Genève (nan peyi Laswuiss) nan moman enjenyè ak teknisyen nò-koreyen-yo ap fè dènye preparatif pou lanse yon fize ki dwe, selon Pyongyang, al plase yon satelit meteyo nan lespas.

Nasyon oksidantal yo ak peyi vwazen Kore Di Nò nan rejyon an akize Pyongyang deske l ap sèvi ak lansman sa a kòm yon mannèv pou l teste yon misil balistik ki kapab transpòte yon tèt nikleyè.

Chèf Nasyonzini an repete pou di “lansman" sa a, ki ta dwe dewoule ant jodi jedi a ak lendi, pral ogmante tansyon an nan penensil koreyen an.

Li di tout aksyon sa a vyole kareman yon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzi ki gen pou objektif frennen pwogram nikleyè Kore Di Nò a.
XS
SM
MD
LG