La Chinn di li pa apwouve sanksyon pou abòde kriz –la nan Siri ---yon jou apre ke minis afè etranjè fransè a te diskite sou posibilite pou yo pran sanksyon pou ranfòse yon plan seselfe ki pa chita.
Ministè afè etranjè chinwa a fè konnen Peken pa dakò pou sèvi avèk presyon olye pou apiye efò anvwaye entènasyonal Kofi Annan nan.
Larisi li menm tou pa dakò ak efò arab yo ak Kominote entènasyonal la pou enpoze sanksyon Nasyonzini sou gouvènman siryen an.
Nan Washington, Sekretè deta Hillary Clinton di li te lè pou kominote entènasyonal la konstriktif nan chache meyè fason pou abode kriz la nan Siri malgre pwen de vi yo diferan.