Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini ap Chèche yon Solisyon pou Rezoud Kriz la nan Siri


Nasyonzini fè konnen yo tire sou monitè l yo ki pa gen zam e yo anpeche yo antre nan yon kote ki ta sanble se kote yo lage yon pakèt moun mouri--- sa ki fè kominote entènasyonal ogmante kondanasyon yo kont gouvènman Bashar al-Assad la.

Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ban Ki-moon deklare bay Asanble Jeneral òganizasyon mondyal la yè jedi 7 ke obsèvatè entènasyonal yo pa rive antre nan lokalite Mazraat al Qoubir, yon vilaj nan pwovens Hama ki nan sanmt peyi Siri akoz kout zam key o te tire sou yo. Mesye Ban ki tap pale ak laprès eksprime fristrasyonn devan vyolans k ap sake peyi sa a .

Mesye Ban di la a konbyen tan n ap tann pou kondane yo, e konbyen fason pou nou di ke nou offiske ? San pèp siryen an ap koule . Yo fache anpil. Yo bezwen lapè ak diyite. Avan tout bagay , yo bezwen aksyon. Danje pou yon gè sivil rèl e li rive sou nou avèk konsekans grav pou Siri e pou rejyon an .

Anvwaye espesyal entènasyonal nan Siri Kofi Annan ki te mete yon plan lapè ann avril pou peyi Siri--- plan ki te lanse avètisman kont masak mou pa ban e pa pakèt ki konnye a fè pati reyalite kotidyen peyi a.

Mesye Annan egzòte Konsèy sekirite Nasyonzini an ak rès kominote entènasyonal pou yo mete tèt yo ansanm pou ogmante imedyatman presyon an spesyalman sou gouvènman mesye Assad la .

Lòt inisyativ entènasyonal nan kad kriz Siri a : Responsab ameriken yo bò kote pal di, anvwaye espesyal Lèzetazini pou Siri a, Fred Hoff twouve l nan vil Moskou ; e Lafrans limenm pare pou òganize yon konferans pou zanmi Siri yo nan vil Pari nan dat 16 jiyè pwochen. Moun atann yo aske sekretè deta ameriken Hillary Clinton reponn prezan nan somè sa a, nan entansyon pou apiye opozisyon siryèn nan.
XS
SM
MD
LG