Mediyatè Nasyonzini ak Lig arab la, Kofi Annan, gen pou l bay Konsèy Sekirite Nasyonzini an ak Asanble jeneral la yon kont randi sou sitiyasyon an nan Siri alòske militan yo akize milisyen ak fòs sekirite ki anfavè gouvènman an deske yo komèt nouvo masak nan pwovens Hama ki nan sant peyi a.
Militan yo di omwen 78 moun mouri pami yo fanm ak ti moun piti mèkredi 6 jen an. Yo ajoute gen nan moun yo touye yo se nan vilaj AL-Kubeir ak Maazarif kote yo ponyade 12 moun pou pi pitit e yo boule yo.
Obsèvatwa siryen pou dwazimen ki gen baz li nan vil Lond fè konnen milisyen ame shabiha yo te lanse atak aprè sòlda yo te finn bonbade zòn nan.
Pandan sekretè deta Etazini an, Hillary Clinton, t ap pale nan Azerbaijan, li deklare gen efò ki sou pye pou ogmante presyon an sou gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la.
Chèf diplomasi amerikèn nan di: " Travay kontinye ap fèt sou sanksyon yo ; a la verite, gwoup Zanmi Pèp siryen an pou fè aplike sanksyon yo ap rankontre nan Washington e y ap kowodone nouvo mezu sanksyon e yap fèmen echapatwa sou rejim ki egziste a. Nou pral chache mezI adisyonèl ke nou k ap pran pou nou mete plis presyon sou Assad epi soulaje soufrans la."
Nan Washington, Minis trezò Etazin an, Timothy Geither deklare Lèzetazini pral vize sistèm finansye Siri a.
Nou reyini nan lonbraj yon masak. E pa gen anyen nou ki kapab reponn kòmsadwa a yon evenman konsa. Ni tou sanksyon pou kont yo paka pote chanjman n ap chache a. Men sanksyon ka jwe yon wòl enpotan. Sanksyon djanm ki aplike efikasman, ki respekte tout bon vre ka ede prive rejim siryen an de resous li bezwen pou l soutni tèt li e pou l kontinye represyon ni an sou pèp siryen an.
Diplomat Nasyonzini ak Lig arab la di mediyatè Kofi Annan ap prepare pou l prezante Konsèy sekirite a yon nouvo pwopozisyon pou sove plan lapè ki pa reyisi a pou Siri.