Accessibility links

Breaking News

Siri: Prezidan Bashar al Assad Nonmen yon Nouvo Premye Minis


Prezidan siryen an, Bashar al-Assad nonmen minis agrikilti kabinè sòtan ni an kòm nouvo premye minis.

Televizyon leta nan Siri di msye Assad mande Riad Farid Hijab pou l fòme yon gouvènman, sa ki make pwochen etap sa a prezidan an rele yon pwosesis refòm politik.

Eleksyon palmantè ki te dewoule nan Siri nan dat 7 Me pase a fè pati pwosesus sa a, tou.

Men militan opozisyon siryen yo di gen kèk moun ki vote nan vil al vilaj yo nan sant 15 mwa leve kanpe kont gouvènman msye Assad la.

Pa gen okenn nan gwoup rebelyon opozisyon an ki te patisipe nan eleksyon palmantè Pati Baath msye Assad ap domine depi plizyè dizèn lane.
XS
SM
MD
LG