Accessibility links

Breaking News

Siri: Rebèl yo Menase pou yo Sispann Respekte yon Seselfe l ONU te Negosye


Nan Siri, yon kòmandan rebèl fè konnen, apati de vandredi premye jen 2012 la, konbatan li yo pral kite tonbe aplikasyon yon akò sou yon seselfe yo te jwenn ak gouvènman an, si Prezidan Bashar al-Assad pa respekte sa ki di nan antant la ak lòt aspè akò a ke 2 pati-yo te negosye avèk medyasyon Òganizasyon Nasyon Zini.

Kòmandan rebèl la rele Qassim Saadeddine; li fè deklarasyon sa a sou entènèt la mèkredi 30 me a, kote li di :

"Nap anonse nou pa genyen okenn rezon valab pou n kontinye respekte seselfe a. Aprè plan Annan nan te rive nan SIri, Prezidan Assad antere li an fas tout kominote entènasyonal la lè li komèt gwo seri asasina sa yo nan rejyon Houla, Homs ak Hama, san bliye move zak rejim Assad la te deja komèt nan rejyon Allepo, Derea, Dir al-Zour, Damas, Idlib, Tartous avèk Latakia."

Isit Ozetazini, anbasadè ameriken nan Nasyon Zini an, Susan Rice, pale pou l di si pati konsène yo pa kapab aplike plan Annan nan a 100 pou 100, oubyen menm si plan an pa kapab mòde ditou, kominote entènasyonal la fèt pou anvizaje lòt mwayen pou l fè presyon sou Prezidan Bashar al-Assad, tankou desizyon pou enpoze plis sanksyon sou Siri e menm pran aksyon ki pap bezwen apwobasyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini an.

Anbasadè Rice deklare:
“Gouvènman siryen an pran divès angajman, e se san gade dèyè, se avèk gwo odas li vyole angajman sa yo. Epi, tankou nap di sa depi kèk semèn deja, si li kontinye aji konsa, li klè ke li fèt pou l sibi konsekans yo.”

Dapre yon pòt-pawòl administrasyon Obama a nan Washingtn, si yon peyi apiye rejim Asdad-la nan Siri, eben, peyi sa a plase tèt li nan yon pozisyon kote listwa pral genyen pou jije li. Daprè pòtpawòl la toujou, listwa pral sonje lidè siryen an, Bashar al-Assad, pou move zak rejim li a poze pandan 2 zou 3 semèn ki pase yo e pou tout atwosite li komèt nan peyi apandan 13 dènye mwa yo.
XS
SM
MD
LG