Accessibility links

Breaking News

Avwaye l ONU/Lig Arab la nan Siri Rankontre ak Prezidan al-Assad


Anvwaye kominote entènasyonal la nan Siri, Kofi Annan, kòmanse fè chita-tande avèk Prezidan Bashar al-Assad, nan Damas, pou ankouraje aplikasyon yon seselfe ant gouvènman an ak fòs rebèl yo – Misye Annan te sèvi kom medyatè nan negosyasyon ki te dewoule ant 2 pati yo pou yo te rive jwenn yon akò sou seselfe sa a mwa pase a. Ansyen Sekretè Jeneral Nasyon Zini an te rankontre avèk vis-minis afè etranjè siryen an madi 29 me 2012 la anvan li wè ak Prezidan Assad.

Aprè Misye Annan te rive Damas lendi, li te di se avèk gwo sezisman e menm kòlè li te aprann nouvèl sou yon masak ki fèt nan rejyon Houla nan Siri. Yon jou anvan sa, Konsèy Sekirite Nasyon Zini an te fè parèt yon deklarasyon kote li te lage responsabilite lanmò plizyè douzèn moun dirèkteman sou do fòs gouvènmantal yo ki ta vide gwo kout zam lou –tankou kout kanno- sou viktim yo. Men deklarasyon sa a pa presize ki moun ki responsab pou atak ak kout zam-a-fe e ak kout kouto ki fèt sou lot victim yo.

Kofi Annan fè konnen:
" Mwen ankouraje gouvenman an pou l pran dispozisyon djanm pou montre li gen yon volonte serye pou l rezoud kriz sa a nan lapè; se konsa tou nou ankouraje tout moun ki mele nan kriz la pou pote konkouyo nan efò kap fèt pou kreye bon jan klima pou yon pwosesis politik ki merite konfyans.

Nou lanse mesaj lapè sa a se pa sèlman pou gouvènman an, men pou tout moun e sutou tout moun ki gen zam nan men yo. Yo dwe aplike plan 6 pwen an totalman; men sa pako fèt jiskaprezan.”

Yon lòt kote, pòtpawol l ‘ONU Sausan Ghosheh di òganizasyon mondyal la voye obsèvatè nan Houla depi samdi e yo komanse pale ap rezidan yo pou yo rasanble enfòmasyon sou sitiyasyon an.
XS
SM
MD
LG