Accessibility links

Breaking News

Kofi Annan ap Chèche Retabli Lapè nan Siri


Anvwaye lapè Entènasyonal la, Kofi Annan rive nan Siri pou sove plan lapè a ke li admèt ki pa aplike konplètman nan moman militan dwazimen yo rapòte yon atak gouvènman an lanse sou vil Hama ki nan sant peyi a touye 34 moun pou pi piti.

Aprè msye Annan rive nan Siri, li ankouraje tout moun ki gen zam nan men yo, pou yo depoze zam sa yo epi ede rezoud pasifikman konfli sa a ki ap ravaje peyi Siri depi 15 mwa a.

Nouvèl yo rapòte msye Annan te fè gwo sezisman e li eskandalize pou asasina trajik omwen 108 moun vandredi pase a, nan vil Houla ki an rebelyon.

Kofi Annan pale pou l di:
“Mwen ankouraje gouveènman an pou l pran kèk mezi djanm pou siyale ke se serye li gen nan entansyon ni pou l rezoud kriz sa a nan lapè e pou tout moun ki enplike yo pou ede kreye bon jan klima pou yon pwosesis politik kredib. E mesaj lapè sa a se pa sèlman pou gouvènman an, men se pou tout moun e tout moun ki gen yon zam nan men yo. Plan 6 pwen –an dwe aplike nèt , e sa pako fèt jiskaprezan."

Otorite siryen yo di ansyen sekretè jeneral Nasyonzini an dwe rankontre ak minis afè etranjè siryen an, Walid Moallem e ak Prezidan Bashar al Assad pita nan jounen-an.
XS
SM
MD
LG