Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Deklare Chaje Dafè Siryen an "Persona Non Grata"


Anvwaye entènasyonal pou Siri a, Kofi Annan, kite peyi sa a san l pa rive fè otorite yo pran okenn dispozisyon pou yo mete an aplikasyon yon plan lapè frajil ki ta kapab mete fen nan san kap koule depi plis pase yon lane nan peyi a.

Misye Annan pran avyon byen bonè mèkredi pou l kite Damas, kapital Siri, kote li te rankontre ak Prezidan Bashar al-Assad madi. Apre sa, li te fè laprès konnen li lanse apèl bay lidè siryen an pou l pran aksyon djanm ki ka kreye sitiyasyon ki nesesè pou plan lapè a mòde jodiya menm, e non pa demen.

Misye Annan deklare:

"Nan rankont mwen ak Prezidan Assad, mwen pale sensèman avèk li pou m fè l konnen kè-sote kominote entènasyonal la konsènan vyolans kap dewoule nan Siri a –san bliye evennman chokan ki dewoule sa pa gen lontan nan rejyon Houla a. Mwen ta dwe di ke li menm tou, li kondane asasina sa yo. Konsèy Sekirite a pale klè pou l di ankèt fèt pou dewoule sou asasina sa yo e yo dwe pini moun ki responsab yo."

Ozetazini, devan zak makab e makawon ki dewoule semèn pasea nan rejyon Houla a, nan Siri, kote yo masakre plis pase 90 moun (pami yo, genyen preske 30 timoun) Lèzetazini deside mete deyò diplomat ki pi wo plase nan anbasad peyi Siri a nan Washington, an palan de Chaje dafè Zuheir Jabbour. Misye Jabbour genyen 72 zèdtan pou l kite peyi a.

Pòtpawòl Depatman Deta a, Victoria Nuland, ki bay eksplikasyon sou desizyon an, fè konnen:
“Nou pran aksyon sa a kòm yon repons pou masak ki fèt nan vilaj Houla a –yon masak ki totalman san justifikasyon, avilisan e revòltan, kote yo touye timoun ak fanm inosan. Vwayou rejim nan (ke yo rele Shabiha) ouvè koutzam sou yo aboupòtan; yo te genyen asistans konseye iranyen ki pase tout wikenn nan ap bat bravo pou zak yo komèt la. "

Pòtpawòl Depatman Deta a, Victoria Nuland, ajoute Lèzetazini kontinye apiye efò medyasyon anvwaye espesyal Kofi Annan ap deplwaye yo; men, daprè li, moman diplomasi ak Prezidan Bashar al-Assad deja pase jounen jodiya.
XS
SM
MD
LG