Accessibility links

Breaking News

Chita-Tande Inyon Ewòp la nan Larisi sou Sitiyasyon an nan Siri


Prezidan Rus la, Vladimir Putin ap resevwa dirijan Inyon Ewòp yo pou premye somè nouvo prezidans li a pou diskite sou yon seri kesyon, pami yo politik Larisi vizavi Siri. Chita-tande sa yo tanmen ofisyèlman lendi 4 jen 2012 la.

Inyon Ewopeyèn nan avèk Etazini ta renmen pou Larisi vin pi fèm nan kondane prezidan Siri a, Bashar al-Assad. Yon responsab Inyon Ewòp la te di Larisi pa ede nan efò k ap fèt pou yo jwen yon solusyon politik pou vyolans sa a.

Kremlin an di sèl fason ki genyen pou Siri soti nan bagay sa a se pout tout pati yo apiye plan anvwaye espesyal Kofi Annan nan pou mete yon fren tou suit nan vyolans lan; epi pou yo fè chita-tande lapè.

Men Larisi ak la Chin bloke aksyon djanm nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an. Larisi di kominote entènasyonal la egzije prezidan Assad pou l kite pouvwa a. Sa se yon demand ki pa akseptab.
XS
SM
MD
LG