Accessibility links

Breaking News

Vyolans nan Siri bay Kominote Entènasyonal la Anpil Kè Sote


Sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon ak anvwaye entènasyonal Kofi Annan lanse apèl pou mande Siri pou l pèmèt obsèvatè Nasyonzini yo antre nan yon vil ki an rebelyon nan nòdwès peyi a kote Etazini krènn fòs sekirite yo ap planifye pou yo masakre sivil yo.

Militan siryen ak rezidan Al-Haffeh yo di elikoptè gouvènman an ak tank atake vil la nan pwovens Latakia, sa ki lakoz anpil sivil bloke nan vil sa a.

Nan yon deklarasyon ki pibliye lendi 11 jen an, Msye Ban di li enpòtan anpil pou obsèvatè Nasyonzini yo jwen aksè lib nan Al-Haffeh. Pòtpawòl depatman deta Victoria Nuland di nouvèl ki soti Siri yo bay Washington anpil preokipasyon.

Li pale pou l di: "Fòs siryen yo deja ogmante opresyon yo, yo mepriz yo pandan yo anlè nan elikoptè. Mete sou utilizasyon fòs iregilye, Shabiha a. Sa reprezante yon eskalad trè serye."

Madan Nuland eksprime kè sote ki genyen paske fòs gouvènman an ka petèt òganize kèk masak nan Al-Haffeh ak kèk lot kote ki anba men opozisyon an, pami yo kèk banlye Damas tankou : Daraa, Deir el-Zour, Hama ak Homs.

Misyon sipèvizyon Nasyonzini an nan Siri fè konnen li te gen anpil kè sote tou pou monte an flèch vyolans yo nan Homs.

Sausan Ghosheh se pòtpawòl Misyon supèvizyon Nasyonzini an nan Siri :

"Mwen sèlman vle di ke Misyon supèvizyon Nasyonzuni-an gen anpil kè sote avek vyolans yo k ap ogmante chak jou pi plis nan Homs. Obsèvatè Nasyonzini yo rapòte gen gwo batay k ap dewoule nan Rastan ak Talbiseh. Yo fè konnen gen itilizasyon gwo zam lou, bonbadman ak motyè, tire anlè nan helikopté, mitrayèz epi ak revolvè nan Talbiseh."

Obsèvatwa siryen pou dwazimen an di atak fòs rebèl yo ak sòlda gouvènman an nan tout peyi Siri touye omwen 63 sivil ak 21 sòlda lendi 11 jen an. Li ajoute pami viktim yo gen 10 moun ki mouri nan machin pyeje nan vil Deir el-Zour nan nòdès peyi Siri.
XS
SM
MD
LG