Sekretè deta Hillary Clinton di Lèzetazini gen anpil kè sote sou nouvèl ki fè konnen Larisi voye elikoptè atak nan Siri . Chèf diplomasi amerikèn nan di tou Larisi pretann ke kagezon zam li voye nan Siri a pa gen rapò ak konfli a, sa se yon bagay enkwayab.
Madan Clinton di : "Nou konfwonte ris yo pou yo ta sispann voye kagezon zam nan Siri. Detanzantan yo di ke nou pa bezwen pè, tout sa yo voye nan Siri pa gen rapò ak konfli k ap dewoule andedan peyi sa a. Sa se pa la verite e nou gen anpil kè sote sou dènye enfòmasyon ki fè konnen Larisi voye elikoptè atak nan Siri sa ki pral ogmante konfli a seriezman."
Deklarasyon sekretè deta Etazini an vini nan moman gwoup dwazimen siryen yo di omwen 34 moun pèdi la vi yo madi 12 jen an alòske fòs gouvènman an kontinye ap atake baz rebèl yo e obsèvatè Nasyonzini yo di yon gwoup bandi move kou kong te anpeche yo antre nan vil al-Haffeh ki nan pwoblèm nan lwès peyi a.
Len 11 jen an, Nasyonzini te akize fòs sekirite siryen yo ak milisyen ki an favè gouvènman an, an palan de Shabiya, dèske yo komèt yon seri vyolasyon dwa moun kont ti moun yo ke yo itilize kòm boukliye umen.
Reprezantan espesyal Nasyonzini pou ti moun yo Radhika Coomaraswamy pale pou l di :
"Nou wè ti moun , ki dekri bay ekip teknik mwen an kijan yo bat yo ak kab elektrik, yo blese yo . Nou anrejistre plizyè ka move tretman seksyèl kont ti moun yo. Donk zak kraze zo sa- yo, detansyon sa yo se bagay ki òrib. An plis, nou gen prèv ki montre yo sèvi ak ti moun yo kom boukliye umen. Nan villaj Ayn-l’Arouz pa egzanp ti moun nan vilaj sa a dekri kòman nan yon otobis k ap transpòte militè, yo mete ti moun yo nan fenét yo pou pwoteje otobis la pou yo pa tonbe anba atak."
Kèk analis fè konnen sanble gouvenman siryen-an ap pédi kontwol yon gran pati nan peyi a.