Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy kritike endirèkteman kòmantè Pap François sot fè kote li te di ke Ikrèn ta dwe “gen kouraj pou leve drapo blan an,” kidonk li ta dwe negosye ak LaRisi, 2 lane apre envazyon Moskou a.
Etazini dwe anplwaye tout mwayen ki nan men li pou depase LaChin nan konpetisyon, se pawol yon gwo responsab nan Depatman Deta ki pa vle non li site, ayè lendi a, pandan administrasyon Biden nan sot devwale bidjè li pou ane fiscal 2025 la.
Lame Etazini di dimanch la li lanse yon operasyon ann Ayiti pou pran nan peyi a pèsonèl ki pa esansyèl nan anbasad ameriken an e li ajoute ke fòs ameriken yo la pou ranfòse sekirite nan anbasad la, pandan nasyon Karayib la anba yon eta dijans.
Jij federal ki te sipèvize yon pwosè pou difamasyon e ki te bay vèdik li pou Donald Trump peye yon dam 83,3 dola dedomajman, jij la refize ayè jedi a soulaje ansyen prezidan an.
Nan diskou sou Eta Nasyon an, Prezidan Joe Biden lanse pawol sevè kont lidè Izrayèl yo, kote li di ke yo pa dwe bloke èd imanitè pou Palestinyen pou rezon politik.
Nan Diskou sou Eta Inyon an oubyen eta Nasyon an, Prezidan Joe Biden atake vizyon ansyen Prezidan Donald Trump pou Etazini, kritike Izrayèl, e gen moun nan piblik ki te prezan-an ki te defye l sou kesyon imigrasyon.
Almay di ayè madi a se erè moun ki te lakoz LaRisi jwenn anrejistreman yon pale nan telefòn ant kèk dirijan militè ann Almay ki t ap diskite sou kesyon pou founi Ikrèn zam ki tire lwen, e otorite yo demanti ke te gen yon brèch nan sistèm kominikasyon li.
Alatèt ajans Nasyonzini ki ede refijye palestinyen an yo akize Izrayèl ayè lendi a kòmkwa li ap mennen kanpay pou elimine ajans la, kote plis pase 2 milyon Palestinyen nan Gaza ap konte sou sèvis li pou yo siviv.
Lame Izrayèl la rapòte desant dè lye jodi madi-a nan zonn Khan Younis nan sid Gaza, pandan otorite Palestinyen yo di frap izraelyen menm kote a touye pou pi piti 17 moun.
Nikki Haley genyen eleksyon primè Repibliken nan Distri Columbia, DC, kote li kase lis pakèt viktwa Trump san rete nan kous Repibliken yo, malgre ansyen prezidan an ka pran plizyè lòt delege demen nan kous Super Madi yo.
Etazini anonse ayè jedi a li ap lanse yon ankèt sou posib menas pou sekirite nan oto ki konekte sou entènèt, ki sèvi ak teknoloji peyi ki bay enkyetid tankou LaChin.
Ministè Sante Gaza a fè konnen Izrayèl touye pou pi piti 104 moun epi blese dè santèn lòt lè yon foul Palestinyen t ap tann èd imanitè nan vil Gaza.
Plizyè responab sèvis imanitè Nasyon Zini avèti ayè mèkredi a ke yon gwo famin grangou riske gaye nan Gaza si lagè-a pa sispann san pran tan.
Izrayèl di jodi mèkredi a li lanse frap aeryen ki te vize depo zam Hezbollah nan sid Liban, e ke li bare plizyè wokèt ki te soti Liban e ki te vize Izrayèl.
Yon aparèy prive ameriken ateri sou lalin ayè jedi a, men kontak ak aparèy la fèb, dapre responsab konpayi an yo.
Houthi ki aliyen ak Iran revandike responsablite pou atak sou yon bato kago Wayòm Ini ak yon atak dronn sou yon destroyer ameriken ayè jedi a, e yo lanse misil balistik ak dronn ki te vize vil Eilat ki gen yon pò ak yon vil vakans.
Lame Izrayèl la di jodi vandredi a li lanse yon frap dronn nan vil Jenin ki nan Sisjòdani okipe, yè jedi swa, kote li di li touye sa li sispèk kòm yon militan gwoup Jihad Islamik la.
Lame Ikrèn nan di jodi jedi a fòs ris yo atake pandan lannwit la ak 10 dronn ak yon misil.
Minis afè etranje peyi loksidan yo nan gwoup G20 an ki reyini nan Brezil ayè mèkredi a atake LaRisi pou envazyon li nan Ikrèn pandan Minis Afè Etranjè ris Sergei Lavrov tap koute, dapre sa diplomat yo rapòte.
Load more