Accessibility links

Breaking News

Almay Demanti Ke te Gen Yon Brèch nan Sistèm Kominikasyon li


UKRAINE-CRISIS/GERMANY LEOPARDS
UKRAINE-CRISIS/GERMANY LEOPARDS

Almay di ayè madi a se erè moun ki te lakoz LaRisi jwenn anrejistreman yon pale nan telefòn ant kèk dirijan militè ann Almay ki t ap diskite sou kesyon pou founi Ikrèn zam ki tire lwen, e otorite yo demanti ke te gen yon brèch nan sistèm kominikasyon li.

Nan anrejistreman audio a, ke estasyon televizyon leta LaRisi Jodia te pibliye vandredi a, 4 gwo zotobre alman – pami yo alatèt avyasyon militè a – te pale nan telefòn sou kesyon pou founi Kyèv misil Taurus. Bèlen pa konteste ke konvèsasyon an te fèt vrèman.

“Sistèm kominikasyon nou pa gen brèch e pa te gen brèch,” se Minis Defans Alman Pistorius ki di sa nan yon konferans pou laprès. Li di: “Moun nan mitan fòs avyasyon militè a te anrejistre kout telefòn nan, akoz youn nan yo te fè erè nan yon app.” Li di “se yon patisipan nan

konvèsasyon an nan Sengapour ki te fuite enfòmasyon an.

XS
SM
MD
LG