Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini: Gwo Famin Grangou Riske Gaye nan Gaza


Israel Palestinians Cease fire Deal Explainer
Israel Palestinians Cease fire Deal Explainer

Plizyè responab sèvis imanitè Nasyon Zini avèti ayè mèkredi a ke yon gwo famin grangou riske gaye nan Gaza si lagè-a pa sispann san pran tan.

“Si anyen pa fèt, nou kwè ke preske pa gen mwayen pou evite famin gaye nan Gaza,” se pawol Ramesh Rajasingham, ki se direktè divizyon kòdinasyon nan biwo imanitè l-ONU an.”

Li te pale konsa nan yon reyinyon Konsèy Sekirite l-ONU-an ki te fèt sou demann Aljeri, Giyàn, Sloveni ak Swis, pandan gen gwo enkyetid ke moun ap sèvi ak grangou kòm zam.

Li di : « Malerezman, malgre tout jan nou wè sityasyon an malouk jounen jodia, gen tout posiblite pou li vin pi grav toujou. »

XS
SM
MD
LG