Accessibility links

Breaking News

Etazini Ap Lanse Yon Ankèt sou Posib Menas pou Sekirite Oto ki Konekte sou Entènèt Prezante


China Auto BYD
China Auto BYD

Etazini anonse ayè jedi a li ap lanse yon ankèt sou posib menas pou sekirite nan oto ki konekte sou entènèt, ki sèvi ak teknoloji peyi ki bay enkyetid tankou LaChin.

Prezidan Etazini Joe Biden di li ap pase Depatman Komès lòd pou dirije ankèt la epi detèmine ki aksyon ki ka nesesè pou asire ke oto ki ap woule sou wout Etazini yo pa minen sekirite nasyonal peyi a.

“Pifò oto yo konekte – yo tankou se telefòn entelijan ki sou wou,” se sa Biden di nan yon deklarasyon. “Oto sa yo konekte ak telefòn nou, ak sistèm navigasyon, ak enfrastrikti enpòtan, e ak konpayi ki fè oto sa yo. Machin ke LaChin konekte ka ranmase enfòmasyon sansib sou sitwayen nou yo ak enfrastrikti nou e voye enfòmasyon sa yo tounen bay Repiblik Popilè LaChin.”

XS
SM
MD
LG