Accessibility links

Breaking News

Alabama Vote yon Pwojè-Lwa ki Vize Pwoteje IVF

Supporters of legislation safeguarding IVF treatments hold a rally at the Alabama State House
Supporters of legislation safeguarding IVF treatments hold a rally at the Alabama State House

Palman eta Alabama kote Repibliken an majorite pase yon pwojè-lwa ayè jedi a ki vize pwoteje endistri ki rele ann angle IVF, ki travay pou moute fetus nan laboratwa, apre Lakou Siprèm eta a te deside ke yo ta dwe konsidere kòm timoun anbriyon ki nan freezer laboratwa, sa ki te pouse pou pi piti 3 laboratwa nan Alabama kanpe operasyon fètilite yo.

Pwojè-lwa a pase nan Sena a ak 34 vwa kont 0, ak yon manm ki pa vote, apre li te fin pase nan Sena a ak yon vòt 96 kont 6.

Gouvènè Kay Ivey, yon Repibliken, fè wè ke li pwal sipòte pwojè-lwa a. Si Ivey siyen li, pwojè-lwa a ap pwoteje laboratwa ki ap fè IVF yo kont akizasyon kriminèl ak pwosè sivil. Li pa klè ki lè dokiman an ap rive sou biwo Gouvènè Ivey.

This item is part of
XS
SM
MD
LG