Pantagòn nan konfime ke militan ke Iran apiye nan Yemen desann yon dronn ameriken ki rele MQ-9 Reaper, lendi a.
Inyon Ewòp la apwouve jodi mèkredi a pou li aplike yon seri sanksyon kont LaRisi kòm repons pou lagè li a ki ap kontinye nan Ikrèn
Pati ki sou pouvwa a nan peyi Ongri pwopoze jodi madi a yon vòt 26 Fevriye sou ratifikasyon efò peyi Swèd pou antre nan l-OTAN e li fè konnen li ap sipòte efò a.
Yon tribinal nan LaRisi di jodi madi a jounalis ameriken Evan Gershkovich ap rete nan prizon anvan jijman jiska 30 Mas, sa ki anile desizyon ke yon lòt tribinal te pran anvan sa pou fè repòtè jounal Wall Street la rete nan prizon apre dat sa a pandan li gen akizasyon espyonaj sou do li.
Lame Izrayèl rapòte jodi madi a gwo batay nan zonn Khan Younis nan Gaza, nan moman Konsèy Sekirite l-ONU an pare pou vote sou yon rezolisyon ke Aljeri te ekri ki mande yon kanpo touswit nan batay yo, ki mande tou plis fasilite pou èd antre e ki rejte deplasman Palestinyen palafòs.
Minis afè etranjè palestinyen an akize Izrayèl jodi lendi a pou apartheid pandan li ekzòte prensipal tribinal Nasyon Zini an pou li deklare okipasyon ke Izrael mete depi 57 lane sou tè palestinyen an kòm ilegal e ke li dwe fini imedyatman epi san kondisyon.
Tankou lòt papa nasyon Etazini an yo, George Washington pat alèz ak lide pou selebre lavi li piblikman. Li te premye lidè yon nouvo repiblik – pa yon kanson-fè.
Fòs Izrayèl yo lanse atak aeryen ak operasyon atè jodi lendi a nan sid Gaza, pandan responsab sante nan Gaza di kantite Palestinyen ki pèdi lavi depi mwa Oktob depase 29,000.
Lidè Hezbollah a sèmante pou l reponn kif-kif atak Izrayèl lanse kont li nan Liban, ki lakoz anpil san koule. Serge Michel gen detay.
Se Demokrat Tom Suozzi ki pral reprezante Nouyok apre li ranpote syej ke Repibliken dechi George Santos te okipe nan Lachanm Depite Etazini. Suozzi ranpote la viktwa nan yon eleksyon espesyal.
Foutbolè Dani Alves temwaye nan pwosè abi seksyèl li a nan peyi Espay.
Yon tribinal nan Washington DC di Trump pa gen pwoteksyon devan lajistis pou akizasyon ke li ta chache bwouye kat-yo pou korije defèt li nan eleksyon 2020 an.
Anons ke Elon Musk te fè, semenn sa a, pou di ke pou premye fwa, Neuralink, yon envansyon ke li fèk reyalize, li grefe li nan sèvo yon moun, pandan envansyon an rive nan kad eksperyans.
Iran koumanse bati 4 lòt izin nikleyè nan sid peyi a, ki ka rive nan kapasite total 5000 megawatt, se sa ajans nouvèl ofisyèl IRNA rapòte ayè jedi a.
Fòs Izrayèl yo pilonnen zonn toupre dènye refij Palestinyen yo nan dènye bout sid Gaza, jodi vandredi a, kote dè santèn moun ki kouri kite kay yo al refijye, nan zonn fwontyè ak Ejip. Yo pè pou Izrael pa al atake zonn nan, pandan yo pa gen lòt kote pou yo jete yo.
Tout lidè yo nan Inyon Ewòp la san wete youn antann yo jodi jedi a sou yon sipò 50 milya ewo, ki vo 54 milya dola ameriken, pou Ikrèn, kote yo simonte opozisyon ke Ongri te bay sou kesyon an.
Alatèt konpayi medya sosyal Meta, Tiktok, X, ak lòt te prezante devan Komisyon Jistis nan Sena a pou temwaye nan moman kote palmantè ak paran gen enkyetid ki ap ogmante sou efè medya sosyal sou lavi jèn yo.
Yon ansyen ofisye sèvis ransèyman Avyasyon Militè Etazini fè konnen li kwè li jwenn kakas avyon Amelia Earhart la, ki te disparèt, sa gen 9 dizèn lane, nan lanmè
Yon komisyon Chanm Depite Etazini an vote bonè jodi mèkredi a kote chak manm kanpe sou liy pati li, pou pouse 2 atik sou destitisyon kont Sekretè Sekirite Enteryè Alejandro Mayorcas.
Load more