Accessibility links

Breaking News

Konpayi Medya Sosyal Yo Te Temwaye Devan Komisyon Jistis nan Sena a


US-TECHNOLOGY-INTERNET-CHILD-EXPLOITATION
US-TECHNOLOGY-INTERNET-CHILD-EXPLOITATION

Alatèt konpayi medya sosyal Meta, Tiktok, X, ak lòt te prezante devan Komisyon Jistis nan Sena a pou temwaye nan moman kote palmantè ak paran gen enkyetid ki ap ogmante sou efè medya sosyal sou lavi jèn yo.

Seyans depozisyon an te tanmen ak temwayaj ke timoun ak paran te anrejistre, kote yo di yo-menm oubyen pitit yo te sibi eksplwatasyon nan medya sosyal.

Tout prandan rankont la ki te dire kèk èd-tan, paran ki rapòte ke pitit yo te touye tèt yo san pale, te kenbe pannkat ki gen foto timoun yo ki mouri.

Nan yon seyans kesyon-repons ak Mark Zuckerberg, Senatè Repibliken Josh Hawler ki reprezante eta Missouri, mande alatèt Meta si li dedomaje kèk nan viktim yo ak fanmi yo pou sa yo sibi.

Zuckerberg reponn : « M pa panse sa. » Hawley menm mande Zuckerberg si li ap prezante fanmi yo eskiz, men li te deplase kite mikwo a.

XS
SM
MD
LG