Prezidan Konferans Episkopal la, Monseyè Chibli Langlois, di Legliz dwe priye pou Pap la aprè li fin anonse pwochen demisyon li
Akote fonksyonn kòm konseye papa l , Kòm chantè e mizisyen , l ap dirije tou yon konpayi pwodiksyon ki rele « Big o Production » ki gen kòm slogan Hit-sou-Hit
Ozetazini, nouvo sekretè deta John Kerry kondane yon fwa ankò peyi Kore di Nò poutèt li kontinye vyole sanksyon Nasyon Zini yo
Asosyasyon Jounalis Ayisyen (AJH) fè parèt yon nòt pwotestasyon pou li denonse ensidan sa a
Daprè laprès lokal, dam nan sete mennaj Oscar Pistorius; men pòtpawòl lapolis la pa konfime ni demanti nouvèl
Sepandan sa ki te make 3èm jou sa a se yon manifestasyon ki te gen nan tèt li senatè Moise Jean-Charles ki t ap mande demisyon Prezidan Michel Martelly nan tèt pouvwa a
Youn nan dosye sa yo se enstalasyon komisyon bi-kameral ki pral chwazi reprezan palman an nan Enstitisyon elektoral k ap gen pou òganize pwochèn eleksyon yo
Ann Ayiti, pi presizeman o Kap-Ayisyen, kanaval 2013 la ap fini madi 12 fevriye a. Nouvèl yo di tout bagay byen pase jiskela.
Reyaksyon pa sispann tonbe tribò-pabò nan lemond apre Pap Benwa 16 fin anonse lap bay demisyon l nan dat 28 fevriye pwochen
Kore di Nò reyalize lansman yon lòt fize. Sa pwovoke mekontantman kominote entènasyonal la, espesyalman Lèzetazini
Ozetazini, kaptenn-meteo anonse yon gwo tanpèt ka pote jiska 5 pye nèj sou nò-dès peyi a vendredi ak samdi
Nan Washington, kandida pou plas direktè CIA a, John Brennan, konparèt devan yon komisyon Sena a kote li reponm kèk kesyon difisil
Obsèvatè yo atann yo aske plizyè milye moun, ki gen lapenn akoz asasina sa a, pral reponn prezan nan antèman an
Eksplozyon Bagdad yo --ki fèt youn aprè lòt nan yon mache kote yo vann bèt domestik-- frape sitou Kazimiya, yon katye kote majorite moun yo se irakyen ki sòti nan ras chiyit la
Minis edikasyon ayisyen an, Vanneur Pierre, ap mete fen nan yon vizit nan Washington kote li chache apui pou refòm sistèm edikatif la
Lajistis ayisyèn ranvwaye pou 21 fevriye kòmansman jijman ansyen prezidan a-vi Jean-Claude Duvalier sou demand avoka li yo
Jedi 7 Fevriye 2013 la, Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la ap selebre 27èm Anivèsè li
Pentagòn ranvwaye egzekisyon plan pou l voye yon lòt pòt-avyon nan rejyon Gòlf Pèsik la akoz limit bidjetè
Lidè siprèm nan, Ayatoli Ali Khamenei, rejte lide pou peyi a ta fè negosyasyon dirèk ak Lèzetazini sou pwogram nikleyè iranyen an
Prezidan Thein Sein mande fòmasyon yon komisyon pou sipèvize liberasyon plizyè santèn prizonye politik
Load more