Accessibility links

Breaking News

Demisyon Pap Benwa 16 / Plis Reyaksyon ann Ayiti


Ann Ayiti, anons demisyon Pap Benwa 16 la kontinye pwovoke reyaksyon, sitou nan mitan fidèl ak dirijan legliz katolik. Se konsa 2 lidè relijye --Prezidan Konferans Episkopal la, Monseyè Chibli Langlois, ak evèk Jeremi an, Monseyè Joseph Gontrand Descoste-- mande fidèl yo priye pou Sen Pè a kap pase yon moman difisil epi pou Legliz kapab jwenn bon jan gid espirityèl.Korespondan nou Jean Hernst Eliscar ak Luckner Laguerre gen reyaksyon 2 responsab legliz katolik yo.

Yon lòt kote, pèp souvren bloke ak barikad Wout Nasyonal No. 3 a, ki sòti Pòtoprens pou ale nan vil Hinche an pasan pa Mirebalais ak lòt lokalite nan Plato Santral la. Rezon blokaj sa a, se pou moun nan zòn sa yo egzije Leta retabli dlo potab ak elektrisite nan Mirebalais.

Klike sou ikon ki agoch la pou w gen detay nouvèl sa yo ak Jean Hernst Eliscar, Luckner Laguerre avèk Jean-Cristophe Collègue.
XS
SM
MD
LG