Accessibility links

Breaking News

Olivier Martelly Konseye e Pitit gason prezidan Martelly ap Evolye ak Plizyè Chapo


Olivier Martelly pi gran pitit gason prezidan Michel Martelly a twouve l nan lis pami konseye la prezidans nan zafè spò. Se konsa li mete sou pye pwogram “Foutbòl pou Chanjman”. Li deja repare e konstwui plizyè sant spòtif.

Akote fonksyonn kòm konseye papa l , Kòm chantè e mizisyen , l ap dirije tou yon konpayi pwodiksyon ki rele « Big o Production » ki gen kòm slogan Hit-sou-Hit.

Konpayi sa a ki envesti nan pwogram divètisman, fè mizik , anrejistreman , videyo e la triye. Nan okazyon 2e edisyon Kanaval nasyonal la Olivier te fè soti yon mereng ki rele Pliye kò w .

Klike sou ikon agoch la pou koute Fowòm Jèn , yon edisyon ki te fèt depi vil Okap kote Jacquelin Belizaire te resevwa kòm envite Olivier Martelly.
XS
SM
MD
LG