Accessibility links

Breaking News

Iran Rejte yon Òf Kontak Dirèk ak Etazini sou Pwogram Nikleyè Teyeran an


Nan Iran, lidè siprèm nan, Ayatoli Ali Khamenei, rejte lide pou peyi a ta fè negosyasyon dirèk ak Lèzetazini sou program nikleyè iranyen an paske, daprè ayatola a, se pa negosyasyon ki pral rezoud pwoblèm nan.

Nan yon deklarasyon chèf siprèm nan fè poste sou sit entènèt pèsonèl li, li fè konnen Lèzetazini ap mande negosyasyon, e an menm tan li pa sispann menase Iran; men peyi li pap kite pèsonn entimide l.

Samdi pase a, vis prezidan ameriken an, Joe Biden, ki tap asiste yon konferans sou sekirite nan vil Munick, ann Almay, te pale pou l di Lèzetazini dispoze pran kontak dirèk ak Iran si peyi sa a montre li vle fè negosyasyon serye sou pwogram nikleyè l la.
XS
SM
MD
LG