Accessibility links

Breaking News

Irak: Esplozyon nan Bagdad ak Pwovens Hillah. Bilan: 26 Moun Mouri


Nan Irak, otorite yo fè konnen yon seri de bonm ki eksploze nan Bagdad e nan yon vil ki o-sid kapital la koze lanmò 26 moun omwen.

Eksplozyon Bagdad yo --ki fèt youn aprè lòt nan yon mache kote yo vann bèt domestik-- frape sitou Kazimiya, yon katye kote majorite moun yo se irakyen ki sòti nan ras chiyit la.

Bilan: plis pase yon douzèn moun pèdi lavi yo. Sa rive pandan mache a te chaje ak achtè ki tap fè makèt pou tout yon semèn.

Yon lòt atak dewoule nan yon ti vil ki rele Shamali, nan pwovens Hillah, o-sid Bagdad, kote 2 eksplozyon fèt preske an menm tan nan yon mache ki te plen aktivite. 13 moun pèdi lavi yo.
XS
SM
MD
LG