Accessibility links

Breaking News

Etazini - Politik : Kòmansman Seyans Depozisyon Kandida pou Plas CIA


Nan Washinton, kandida prezidan Barack Obama chwazi pou okipe pòs direktè CIA a, John Brennen, pale pou l di operasyon kote otorite ameriken konsène yo itilize avyon telegide pou yo touye teworis kap konplote pou atake Lèzetazini, se yon operasyon ki rete nan kad lwa federal yo.

Misye Brennan pale konse pandan li tap fè depozisyon n, jedi 7 fevriye 2013 la, devan yon komisyon Sena a.

Yon moman nan seyans la, kèk manifestan --kap denonse kalte operasyon sa yo e ki te prezan nan sal-- te leve lavwa pou yo pwoteste.

Daprè manifestan sa yo, atak avyon telegide yo koze lanmò ti moun ak inosan; yo denonse tou le fèt ke otorite yo lanse operasyon sa yo menm kont sitwayen ameriken yo sispèk kap patisipe nan zak teworis. Responsab yo nan Kongrè a pat pran tan pou yo mande ajan sekirite deplase manifestan sa yo.

Nan depozisyon Misye Brennan fè, li defann itilizasyon aparèy telegide yo ; paske, daprè li, yo sèvi pou pwoteje Lèzetazini.

Misye Brennan dekare :
"Nou poze aksyon sa yo sèlman kòm aksyon dènye rekou, pou n sove lavi moun lè nou pa genyen okenn lot altènativ pou n pran aksyon ki kapab elimine menas sa yo."
XS
SM
MD
LG