Accessibility links

Breaking News

Grèv Jeneral nan Tinizi pou Denonse Asasina yon Lidè Opozisyon an


Nan Tinis, kapital peyi Tinizi, yon gwo grèv jeneral ap dewoule vandredi 8 fevriye a, nan menm moman kote yap chante antèman Chokri Belaid, yon lidè opozisyon an ki te tonbe anba bal asasen.

Kèk èd-tan anvan grèv la kòmanse, moun te kapab konstate lari vil la trè kal, trè trankil. Obsèvatè yo atann yo aske plizyè milye moun, ki gen lapenn akoz asasina sa a, pral reponn prezan nan antèman an, malgre moun krenn pou sitiyasyon an pa debouche sou vyolans.

Sendika Jeneral Travayè Tinisyen yo te lanse apèl jedi pou l mande grèv sa a, nan fen 2 jou vyolans ki dewoule nan vil Tinis kote manifestan te tonbe nan konfwontasyon ak lapolis.

Misye Balaid te tonbe mò-rèd anba yon bal yo te tire a bou-pòtan sou li mèkredi, nan moman misye tap kite kay li nan kapital Tinizi a. Asasen an te prese chape poul li sou yon motosiklèt.

Kèk èd-tan aprè sa, mouvman manifestasyon ak pwotestasyon te kòmanse atravè tout peyi a.
XS
SM
MD
LG