Academy: Will Smith Refize Kite Oscar yo Apre li Souflete Rock

Will Smith kriye pandan lap aksepte pri pou meye pefomans yon akte prensipal pou wol li nan film "King Richard" pandan seremoni remiz pri Oscar yo, Dimanch 27 Mas, 2022.

Akademi Sinema, Bozar ak La Syans la fe konnen yo te mande Will Smith pou'l kite seremoni remiz pri Oscar la apre li te frape Chris Rock men misye refize.

Anpil moun ap poze kestyon pou konnen poukisa yo te kite Smith rete nan syèj li nan premye ranje seremoni remiz pri Akademi yo apre ensidan an.

Komite gouvenè akademi yo te rankontre Mekredi pou tanmen yon pwosesis disiplinè kont Smith poutèt zak li poze a ki se yon vyolasyon standar konpòtman gwoup la.

Akademi a di Smith gen opòtinite pou'l defann tèt li pa ekri anvan komite a rankontre ankò 18 Avril.

Akademi a di pami zak disiplinè li taka pran kont Smith gen sispansyon, ekspilsyon oubyen lòt sanksyon ankò.