Iran Admèt pou Premye Fwa li Voye Dron bay Larisi

Foto Achiv: Foto Direktora Estratejik Kominikasyon Ikren nan pataje foto sa a ki pa gen dat sou li ak la pres, e ki montre sak sanble yon dron Iranyen Shahed ke yo desann nan Kupiansk, Ikren.

Minis afè etranje Iranyen an admèt pou premye fwa peyi li voye dron bay Larisi. Men misye ensiste pou di transfè a fèt anvan Moskou te fè lagè ak Ikrèn.

Komantè sa yo Samdi, ki soti nan bouch Hossein Amirabdolliahian, vini plizyè mwa apre mesaj depaman ki soti Iran pa rapò ak yon kagezon zam. Pandansetan Larisi sèvi ak dron pou frape enfrastrikti enèji Ikrèn nan epitou sib sivil.

Anvan sa, responsab Irenyen yo te demanti yo te founi Larisi zam pou sèvi nan lagè kont Ikrèn nan. Kanmenm, Gad paramilitè Revolisyonè Iran an te vante l dèske li te founi gran pwisans mondyal yo dron.

Amirabdollahian di jounalis yo: "Nou bay Larisi yon kantite limite dron anvan lagè Ikrèn nan." Misye di Iran pran angajman pou stope konfli a.