Accessibility links

Breaking News

Zelensky Deklare Ikrèn Pap Patisipe nan Somè G20 an Si Putin Ap La


FILE - Russian President Vladimir Putin takes part in a video conference during the G20 Leaders' Summit 2020, Nov. 21, 2020.
FILE - Russian President Vladimir Putin takes part in a video conference during the G20 Leaders' Summit 2020, Nov. 21, 2020.

Ikrèn pap patisipe nan somè G20 ki pwograme pou fèt nan mitan mwa novanm nan peyi Endonezi si prezidan Ris la ap patisipe.

Vladimir Zelensky te fè deklarasyon sila a Jedi pandan yon konferans pou laprès nan Kyiv ak tokay grèk li Katerina Sakellaropoulou.

Prezidan Ikrenyen an te di: "Pozisyon pèsonèl mwen ak pozisyon Ikrèn se ke si lidè Federasyon Larisi patisipe, Ikrèn pa pral patisipe,"

Vladimir Putin poko di si wi ou non li te deside fizikman ale nan somè sa a ki pwograme nan Bali.

XS
SM
MD
LG