Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Mande pou LaRisi Pèdi Plas li Nan òganizasyon Entènasyonal yo


Ukrainian President Volodymyr Zelensky meets delegation of Congress
Ukrainian President Volodymyr Zelensky meets delegation of Congress

Otorite nan Ikrèn mande pou LaRisi pèdi plas li nan òganizasyon entènasyonal yo apre fòs ris yo te lanse atak sou enfrastrikti nan plizyè vil nan Ikrèn.

Pòtpawòl ministè afè etranjè Oleg Nikolenko di jodi madi a LaRisi ta dwe deyò nan gwoup nasyon G-20 yo e ke yo ta dwe anile envitasyon Prezidan ris Vladimir Putin pou somè G-20 an, mwa sa a, nan Endonezi.

Yon lòt kote, fòs espesyal Afghanistan yo ki te goumen ansanm ak twoup ameriken yo e apre sa te jete yo nan Iran apre retrè tèt-chaje Etazini an ane pase, kounyea lame ris ap rekrite yo pou goumen nan Ikrèn, se sa 3 ansyen jeneral afgan di ajans nouvèl Associated Press.

Yo di Ris yo vle atire dè milye ansyen kòmando elit Afghanistan pou mete yo nan yon “lejyon etranje” ki ofri yo yon salè mil-500 dola ke yo pwal touche regilyèman ak pwomès pou yo jwenn sekirite pou yo menm ak fanmi yo,

pou yo evite depòtasyon ki ka tounen yo nan Afghanistan, kote yo panse yo pwal jwenn ak lanmò anba men Taliban.

XS
SM
MD
LG