Accessibility links

Breaking News

Almay Mande Xi Sèvi ak Enfliyans li Vizavi Larisi


Chanselye Alman Olaf Scholtz, a goch, rankontre Prezidan Xi Jinping nan Peken, kapital Lachin Kominis, Vandredi 4 Nov. 2022.
Chanselye Alman Olaf Scholtz, a goch, rankontre Prezidan Xi Jinping nan Peken, kapital Lachin Kominis, Vandredi 4 Nov. 2022.

Prezidan Chinwa a, Xi Jinping lanse apèl pou òganize chita tande lapè pou Ikrèn. Li lanse avètman tou pou konfli sa a pa debouche sou yon konfli nikleyè.

Xi rankontre Chanselye Alman an Olaf Scholtz, ki mande Lachin sèvi ak enfliyans li vizavi Larisi.

Lidè Alman an ap fè yon vizit yon jou nan Peken. Anpil moun kritike misye pou vizit sa a paske yo di Lachin kontinye apiye Larisi, epi yo kritike mezi otoritè Xi te pran pandan kongrè Pati Kominis la mwa pase a.

Vizit la reflete enpòtans Almay bay relasyon komèsyal li ak Lachin, ki se dezyèm pi gwo ekonomi nan mond lan.

Nan diskou li te pwononse nan ouvèti vizit li a, Scholtz te pale kare sou envazyon Larisi fè nan Ikrèn nan. Yon konfli ki kreye dè milyon refije epi koze dega nan livrezon manje ak enèji nan mond lan.

XS
SM
MD
LG