Accessibility links

Breaking News

LaRisi Anpeche yon Atak Sou Izin Nikleyè Zaporizhzhia


FILE PHOTO: A view shows the Zaporizhzhia Nuclear Power Plant outside Enerhodar
FILE PHOTO: A view shows the Zaporizhzhia Nuclear Power Plant outside Enerhodar

LaRisi fè konnen jodi jedi a li anpeche yon atak sou izin nikleyè Zaporizhzhia ki anba kontwòl fòs ris yo nan sid Ikrèn, dapre yon gwo zotobre ris.

Sekretè Konsèy Sekirite LaRisi Nikolai Patrushev akize fòs Ikrèn yo pou bonbadman sou izin nikleyè a, e li di y-ap sèvi ak “Zam loksidan yo ki ka mennen nan yon katastwòf mondyal”.

Deklarasyon Patrushev la vini apre lame Ikrèn nan te di atak LaRisi te vize kèk gwo moso nan peyi a ak gwo bonbadman, sa ki donmaje enfrastrikti ak enèji ki ale nan izin nikleyè Zaporizhzhia, pi gran izin nikleyè ann Ewòp la.

Konpayi elektrisite Energoatom di izin nan dekonekte, akoz domaj ki fèt nan liy wot tansyon yo.

Tou le 2 kan yo demanti akizasyon yo. Sepandan nouvèl yo rapòte gwo bonbadman nan lès la nan rejyon Luhansk ak Donetsk, ak frap ris nan Kriviy Rih nan sant Ikrèn, e nan Sumy ak Kharkiv nan nòdès la.

XS
SM
MD
LG