Accessibility links

Breaking News

Responsab Anbasad Ameriken Vizite Brittney Griner nan Prizon


Vedet WNBA Brittney Griner pale ak avoka li yo pandan li kanpe nan yon kaj nan yon tribinal nan Khimki, tou pre Moskou, La Risi kote pwose li ap dewoule, Madi 26 Jiye, 2022.
Vedet WNBA Brittney Griner pale ak avoka li yo pandan li kanpe nan yon kaj nan yon tribinal nan Khimki, tou pre Moskou, La Risi kote pwose li ap dewoule, Madi 26 Jiye, 2022.

Responsab yo nan Anbasad Etazini Moskou al vizite vedet basketbòl Ameriken Brittney Griner kèk semèn apre yon tribinal Ris te rejte apèl li kont santans 9 an prizon li resevwa pou posesyon dwòg.

Yon pòt pawòl Depatman d Eta pibliye yon mesaj sou Twitter ki di reprezantan Ameriken yo te "wè ak je yo pèseverans li ak detèminasyon li malgre sikonstans aktyèl yo". Pòt pawòl la di Etazini mande pou Larisi lage Griner ak konpatriyòt li Paul Whelan tou swit.

Lajistis Ris te kondane whelan an 2020 pou'l pase 16 zan nan prizon pou espyonaj. Fanmi li di se manti li pa yon espyon.

Lamezonblanch di Etazini fè "yon òf enpòtan" pou rezoud ka sa yo men "Ris yo pa montre bòn volonte nan negosyasyon yo."

XS
SM
MD
LG