Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Palmantè Ameriken ap Vizite Polòy


Foto Achiv: Capitol la, syej palman Etazini an nan Washington.
Foto Achiv: Capitol la, syej palman Etazini an nan Washington.

Yon delegasyon palmantè Demokrat ak Repibliken ap vizite La Polòy Samdi. Yo fè konnen pi gwo bezwen ki egziste nan lit Ikrèn ap mennan kont envazyon Ris la se ekipman ak sipò pou ede peyi a goumen tout jan li kapab pou defann endepandans li.

Delegasyon 7 manm nan te gen a la tèt li, Depite Stephen Lynch, yon Demokrat ki reprezante eta Massachusetts nan Kongrè a. Yo t al vizite sant resepsyon pou refije Ikrenyen yon nan ès Polòy. Yo fè remake Polòy pare pou aksepte refije Ikrenyen yo menm nan rezidans prive yo.

Gen plis pase 2 milyon moun ki kouri kite Ikrèn akoz lagè e pou y al lage kò yo nan La Polòy depi 24 Fevriye pase a, lè twoup Ris yo te anvayi Ikrèn.

XS
SM
MD
LG